Ale nan kontni an

Sistèm loto konplè · Biwo santral + POS mobil

Vann, enprime, kontwole. Tout rezo loto ou nan yon sèl sistèm.

NènèlPlus bay machann ou yo yon POS ak enprimant entegre, epi ba ou yon biwo santral pou swiv chak vant, chak komisyon ak chak goud — an tan reyèl.

  • POS pòtab ak enprimant tèmik nan do l
  • Biwo santral pou PDG, direktè ak sipèvizè
  • Komisyon, kès, limit ak rapò an tan reyèl
9:28
Bonjou, Bank Demo 24
Balans
15 122 HTG
Rete pou vann
23 878 HTG
Fich la enprime ✔
#NP-261021-DEMOValide
Texas Matin · 120 HTG
Ajoute Fich
Akèy Tikè Tiraj Rapò Reglaj
POS · Enprimant 58mm

Demonstrasyon

Yon POS ak enprimant nan do l. Tout biznis ou nan pòch ou.

Gade kijan yon machann vann, enprime, swiv ak rapòte — epi kijan tout bagay rive touswit nan biwo santral la.

POS · Enprimant 58mm

Rezilta

Dènye tiraj ofisyèl yo

Chak lo piblike, epi tikè gayan yo make otomatikman nan sistèm lan.

Florida Midi

555 44 34

Florida Soir

152 37 53

POS mobil

Tout sa machann nan bezwen, nan men l.

Aplikasyon an mache sou POS pòtab ki gen enprimant nan do yo (tip H10S) ak sou telefòn Android. Chak vant rive touswit sou sèvè santral la.

Vant tout jwèt yo

Bòlèt, Maryaj, Loto 3, Loto 4 ak Loto 5, ak yon pri separe pou chak opsyon. Maryaj gratis ajoute otomatikman.

Aksyon otomatik

Boul Pè, Jwe Pwent, Grap 3, Maryaj Otomatik, Loto 4 ak "Boul ki plis vann": plizyè liy nan yon sèl tap.

Enprimant entegre

Enprimant tèmik nan do POS la (58 / 80 mm), Bluetooth sou lòt telefòn, oswa PDF. Fich la gen antèt konpayi, branch ak bank.

Rejwe ak anile

Rejwe yon fich ak yon sèl tap. Anile posib pandan fenèt tan konpayi a defini, epi balans lan korije poukont li.

Ganyan ak peman

Tikè ganyan yo make otomatikman apre tiraj la. Filtre "poko peye / deja peye" epi peye dirèkteman sou POS la.

Balans ak limit vant

Balans, peman bloke, kòb ki rete pou vann jodi a, ak limit vant ki bloke vant lan lè l rive.

Kont a rebou tiraj

Chak sesyon louvri ak fèmen sou lè Ayiti; POS la montre konbyen tan ki rete pou chak tiraj.

Rapò machann

Vant, tikè ganyan, komisyon ak balanse pa jou, pa peryòd, matin oswa swa — epi enprime l.

Mande kòb

Demann encaissement bay chèf la; balans lan monte sèlman lè yo apwouve l.

Ekri chèf ou

Chat dirèk ak PDG, direktè oswa sipèvizè bank lan, ak notifikasyon lè yo reponn.

Notifikasyon

Rezilta tiraj, apwobasyon, mesaj: machann nan resevwa tout sa ki konsène l.

Sekirite aparèy

1 bank = 1 machin. Chak POS enskri ak yon kle kriptografik, Super Admin apwouve l, epi koneksyon an mande PIN.

Sistèm santral

Biwo a kontwole tout rezo a, an tan reyèl.

Super Admin, PDG, direktè ak sipèvizè travay sou menm platfòm lan, chak ak dwa pa l.

Rezo ak yerachi

  • PDG → Direktè → Sipèvizè → Bank / machann, pou chak konpayi.
  • Bank ka anba yon sipèvizè, dirèkteman anba yon direktè, oswa dirèkteman anba PDG a.
  • Transfè yon bank oswa yon machann nan yon lòt branch: tout detay li swiv li.
  • Chak moun wè sèlman sa ki sou responsablite l.

Komisyon ak salè

  • Pousantaj direktè ak sipèvizè defini pou chak bank (egz. 17% sou yon bank, 15% sou yon lòt).
  • Komisyon machann kalkile sou komisyon moun ki sou tèt li.
  • Machann ka peye an salè, san komisyon.
  • Rapò komisyon pa nivo, ak istorik chak chanjman pousantaj.

Kòb ak kès

  • Vide kès: retire kòb nan balans yon bank; vant yo pa chanje.
  • Limit vant pa jou pou chak bank, ki relouvri lè yo vide kès la.
  • Encaissement, kès pa nivo, prè ak ranbousman.
  • Rapò finans: vant, peman, pwofi pa bank, pa branch, pa konpayi.

Tiraj ak jwèt

  • Sesyon ak orè, piblikasyon rezilta, tikè ganyan make otomatikman.
  • Griy gany ak pri opsyon pou chak konpayi.
  • Limit mize pa boul ak blokaj boul pou pwoteje kès la.
  • Klasman boul ki plis vann.

Kontwòl ak apwobasyon

  • Super Admin apwouve nouvo bank, nouvo kont ak nouvo aparèy POS.
  • Modifikasyon direktè / sipèvizè sou yon bank ki poko apwouve tann PDG a.
  • Blokaj / aktivasyon aksè nenpòt kont an yon klik.
  • Kòbèy: remèt sa ki te efase pa erè.

Tras ak swivi

  • Jounal aktivite: kiyès, kisa, kilè, ki kote — pou chak aksyon.
  • Modpas, PIN ak kle pa janm parèt nan jounal la.
  • Pozisyon POS yo an dirèk sou kat, ak itinerè.
  • Mesaj ant biwo a ak machann yo.

Yon vant, de segonn, tout rezo a okouran.

  1. 01

    Machann nan vann

    Fich la enprime sou POS la.

  2. 02

    Sèvè a verifye

    Sesyon, limit, boul bloke, balans.

  3. 03

    Komisyon kalkile

    Direktè, sipèvizè ak machann, pou bank sa a.

  4. 04

    Biwo a wè l

    Rapò, kès ak jounal mete ajou touswit.

Jwèt yo

Jwèt ki disponib yo

Chak jwèt swiv kalkil ofisyèl la: yon chif ak twa lo detèmine rezilta yo.

Borlèt

2 chif

Jwe yon boul 2 chif sou 1ye, 2yèm oswa 3yèm lo a.

Maryaj

2 boul

Marye de lo: 1ye×2yèm, 1ye×3yèm oswa 2yèm×3yèm.

Loto 3

3 chif

Chif la plis 1ye lo a — twa chif egzak.

Loto 4

3 opsyon

Opsyon 1: 1ye+3yèm · Opsyon 2: 1ye+2yèm · Opsyon 3: 2yèm+3yèm.

Loto 5

3 opsyon

Loto 3 plis yon lo, oswa dènye chif 1ye lo ak de lòt lo yo.

Maryaj Gratis

Ofè

Sistèm lan ajoute maryaj gratis sou tikè a selon montan an.

Konekte pou vann ak swiv tikè yo.

Sesyon

Orè sesyon yo

Chak sesyon louvri ak fèmen sou orè Ayiti. Yon sesyon fèmen pa ka vann.

Orè sesyon aktif yo
Lotri Kòd Orè
Tennessee Matin TNM 00:00 – 10:28
New York Midi NYM 06:00 – 14:28
Florida Midi FLM 06:00 – 13:30
Texas Matin TXM 06:00 – 10:00
Georgia Midi GAM 06:00 – 12:29
Tennessee Midi TEM 10:29 – 13:28
Texas Midi MTX 11:00 – 13:00
Georgia Soir GAS 12:30 – 18:59
Texas Soir TXS 13:28 – 19:00
Tennessee Soir TES 13:29 – 19:28
Florida Soir FLS 13:31 – 21:45
New York Soir NYS 14:30 – 22:30

Kesyon

Kesyon moun poze sou lojisyèl bòlèt la

Kisa NènèlPlus ye?

NènèlPlus se yon sistèm konplè pou jere yon rezo bòlèt (borlette) ak lotri an Ayiti: yon aplikasyon POS pou machann yo vann ak enprime fich, ak yon biwo santral sou entènèt pou PDG, direktè ak sipèvizè swiv vant, komisyon, kès ak rapò an tan reyèl.

Ki jwèt sistèm nan jere?

Bòlèt (borlette), Maryaj, Maryaj gratis, Loto 3, Loto 4 ak Loto 5, ak yon pri separe pou chak opsyon. Sistèm nan make tikè ganyan yo otomatikman apre chak tiraj (Florida, New York, Georgia, Texas, Tennessee…).

Ki aparèy POS ki mache ak NènèlPlus?

POS pòtab Android ki gen enprimant tèmik nan do yo (tip H10S, 58 oswa 80 mm), ak telefòn Android ki konekte ak yon enprimant Bluetooth. Fich yo ka soti an PDF tou.

Kijan komisyon yo kalkile?

Pousantaj direktè ak sipèvizè defini pou chak bank. Direktè a touche sou total vant bank lan, sipèvizè a sou komisyon direktè a, epi machann nan sou komisyon moun ki sou tèt li. Yon machann ka peye an salè tou, san komisyon.

Èske m ka kontwole kòb ki nan men machann yo?

Wi. Biwo santral la montre balans chak bank, limit vant pa jou, encaissement, vide kès, kès pa nivo ak prè. Chak aksyon kite yon tras nan jounal aktivite a.

Kijan pou m louvri yon kont pou konpayi bòlèt mwen?

Kontakte nou sou WhatsApp oswa pa telefòn nan +509 47 83 4816, oswa pa imèl nan admin@nenelplus.com. N ap ba ou yon demonstrasyon epi enstale konpayi ou, bank ou yo ak aparèy POS ou yo.

Kontak

Pale ak nou

Ekri nou oswa rele nou pou ouvri yon kont konpayi, ajoute machann, oswa jwenn sipò.